Lili ak Tilou aprann jan gen kadans toupatou
1. Gade ak pitit ou
2. Mande pitit ou kesyon
- Kisa Lili ak Tilou te fè nan pwogram lan? Ki sa nou panse yo te aprann?
- Èske w kapab site kèk bagay ki fè son ritmik, ki swiv yon kadans? (Yon tanbou, pye k ap mache nan lari a, lapli, yon alam, yo zwazo k ap chante, yon kabrit …)
- Gade toupatou, ki modèl vizyèl repete ou wè? (rektang nan fenèt, liy ak kawo sou chemiz, fèy sou yon plant, mozayik ki atè, dekorasyon sou taptap…)
3. Fè yon aktivite ak pitit ou
- Jwèt kadans. Fè pitit ou bat men li ak plizyè rit oubyen kadans (2 bat men kout ak yon long; yon bat men long ak twa kout). Ajoute lòt eleman tankou yon son klake dwèt ak frape pye (bat men, frape pye 2 fwa, klake dwèt). Chanje egzèsis la: fè pitit ou a kòmanse yon kadans, epi ou menm swiv li.
- Ale fè yon flannen pou chèche modèl repete. Jwenn tout modèl ki repete yo nan anviwònman an: fenèt nan kay, fè fòje nan pòt ak baryè, twal enprime, blòk nan mi, dekorasyon sou machin, fèy nan plant, fil arenyen, elatriye.
- Jwe yon jwèt ak chif. Kòmanse konte sote pou pitit ou devine ki chif ki swiv: 1, 3, 5 … / 2, 4, 6, … / 5, 10, 15 … 10, 100, 1000, … (Pou pi gran timoun yo, itilize modèl ki pi konplike.)