Tilou ak Lili ap plante grenn
1. Gade ak pitit ou
2. Kesyon – Mande pitit ou kesyon
- Kisa Lili ak Tilou te fè nan pwogram lan? Ki sa ou panse yo te aprann?
- Nan Epizòd la Tilou mete grenn li a nan solèy, Lili mete pa li a nan yon bifèt? Kisa ki rive grenn Tilou a? Kisa ki pase pa Lili a?
- Kisa plant bezwen pou grandi? (lè, solèy, tè ak dlo).
3. Fè aktivite ak pitit ou
- Plante grenn semans. Plante kèk grenn ak pitit ou nan yon gode tè, nan yon po ze oswa yon lòt veso. Ekri konbyen tan chak grenn pran pou jèmen sòti nan tè a. Mezire wotè chak ti plant chak jou. Ede pitit ou a konprann jan li bezwen pran swen ti plant yo (wouze chak jou men pa twòp, kenbe li kote ki nan solèy, kote bèt ak moun p ap detwi li.)
- Aprann Mezire. Fè pitit ou mezire wotè li. Anvan ou mezire, gade si pitit ou ka devinen ki wotè li ye? Èske pitit ou pi wo pase zanmi li yo? Frè ak sè li? Make wotè li sou yon mi pou w ka konpare wotè li apre yon tan. Pou mezire byen, fè pitit ou apiye dèyè pye li ak dèyè tèt li sou yon mi epi kenbe do li dwat. Mete yon bagay plat sou tèt li tankou yon règ oubyen yon liv. Fè yon tras sou mi a pou make wotè li kote règ la/liv la kole ak mi a. Ekri dat la kot tras la. Sèvi ak yon règ, mèt, santimèt pou kalkile wotè a. (Mezire pitit ou a ankò nan 3 mwa, 6 mwa, nan yon ane.)
Remak: Si ou pa gen yon règ oubyen lòt zouti pou mezi, ou ka itilize yon moso fil ou fisèl epi konpare longè a ak lòt bagay nan kay ou a (tankou wotè yon tab oswa chèz.)