Tilou ak Lili ap plante grenn
1. Gade ak elèv ou yo
2. Mande elèv ou yo kesyon
- Kisa Lili ak Tilou te fè nan pwogram nan? Ki sa ou panse yo te aprann?
- Nan epizòd la Tilou mete grenn li an nan solèy epi Lili mete grenn pa li nan yon bifèt?
- Ki sa ki rive grenn Tilou plante a? Ki sa ki pase grenn Lili plante a?
- Ki sa plant yo bezwen pou yo leve epi grandi? (lè, solèy, tè ak dlo).
3. Fè aktivite ak elèv ou yo
- Plante grenn semans. Plante kèk grenn ak elèv ou yo nan yon gode tè, nan yon po ze oswa yon lòt veso. Ekri konbyen tan chak grenn pran pou jèmen sòti nan tè a. Mezire wotè chak ti plant chak jou. Ede elèv ou yo konprann jan yo bezwen pran swen ti plant yo (wouze chak jou men pa twòp, kenbe li kote ki gen solèy, kote bèt ak moun pap detwi li). Si ou gen yon aparèy pou enprime, enprime yon fèy nan modèl ki anba a pou chak elèv kenbe tras gwosè ti plant yo.
- Aprann Mezire. Fè elèv yo mezire wotè yo. Anvan ou kòmanse mezire, gade si elèv yo ka devinen ki wotè yo ye? Èske gen elèv ki pi wo pase zanmi l yo? Make wotè yo sou yon papye pou w ka konpare wotè yo apre yon tan. Pou mezire byen, fè elèv ou yo apiye dèyè pye yo ak deyè tèt yo sou yon mi epi kenbe do li dwat. Mete yon bagay plat sou tèt li tankou yon règ oubyen yon liv. Fè yon tras sou mi a pou make wotè a kote règ la/liv la kole ak mi a. Sèvi ak yon règ, mèt, santimèt pou kalkile wotè a. Dekoupe yon moso fisèl oubyen yon riban an papye ki wotè chak timoun. Make non yo sou fisèl la ou byen papye a. (Mezire timoun yo ankò nan 3 mwa, 6 mwa, nan yon ane).
Remak: Si ou pa gen yon règ oubyen lòt zouti pou mezi, ou ka itilize yon moso fil ou fisèl epi konpare longè a ak lòt bagay nan klas ou a (tankou wotè yon tab oswa chèz).