Tilou prepare yon sipriz pou Lili
GADE, MANDE, FÈ!
1. Gade ak elèv ou yo
2. Mande elèv ou yo kesyon
- Kisa Lili ak Tilou te fè nan pwogram lan? Ki sa ou panseLili ak Tilou te aprann?
- Nan Epizòd pwosesis la Tilou te fè yon kap/sèvolan, Ki jan li te fè sa?
- Nan istwa a, Tilou te fristre paske yon bagay te kase pandan l ap fè sèvolan an/kap la. Èske w konn santi ou fristre? Kisa ou fè lè sa yo?
- Konstwi yon sèvolan/kap se yon pwosesis. Èske ou sonje etap Tilou te swiv pou l fè sèvolan/kap li a? (imajine, planifye, rasanble zouti / materyèl, kreye, jwe).