Pou Paran
Paran yo, onè!
Nou kontan wè w nan lakou Kajou
Eske ou konnen si ou gade pwogram nan ak pitit ou l ap aprann pi plis? Men kèk ti aktivite amizan ou ka fè ak pitit ou pou ranfonse aprantisaj li.
MEN YON BON APWÒCH: GADE, POZE KESYON, FÈ
1- Gade yon videyo.
2- Poze pitit ou kesyon sou sa nou sot gade ansanm lan.
3- Fè yon aktivite ki gen rapò ak istwa nou sot gade a.