Evelyn Margron

« M se spesyalis edikasyon pou Lakou Kajou. M travay kòm pwofesè jadendanfan epi kòm fòmatè pwofesè. M travay tou kòm direktè divès pwogram epi m devlope materyèl edikatif. M etidye edikasyon jenn timoun avèk administrasyon piblik. M gen anpil admirasyon pou kapasite timoun pou yo aprann epi toujou gen kè kontan. M kwè pwofesè se kle pou lavni, kifè politik piblik (leta) ta dwe envesti nan ba yo bon jan fòmasyon ak sipò pou yo fè travay yo byen epitou bay pwofesyon an valè. »