Lakou Kajou

Josiane Hudicourt-Barnes

Josiane

Mwen se espesyalis Lakou Kajou pou lang ak edikasyon. M te vin enterese nan afè lang nan edikasyon nan ane 1970-1980 yo lè Refòm Bernard a mande pou Ayiti kòmanse pran fòs nan konesans Kreyòl timoun yo pou yon pi bon kalite lekòl. M te etidye sikoloji, lengwistik, ak devlopman timoun. M te travay nan ansèyman, rechèch, devlopman materyèl ak fòmasyon anseyan nan Boston ak Ayiti.

Scroll to Top