Neïka Rosier

Mwen se Neïka ROSIER. Mwen kwè pataje konesans se youn nan pi gwo kado yon moun ka ofri yon lòt. Se pou sa mwen kwè nan pouvwa ak enpòtans ledikasyon. Alòs mwen kontan itilize konpetans mwen, angouman m pou travay ak tout kapasite m pou Lakou Kajou kontinye grandi epi ede plis timoun. Aktyèlman, mwen ap travay kòm estajyè nan Lakou Kajou padan mwen ap etidye jesyon nan Inivesite Quisqueya.