Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Bèl dlo nan peyi m

Audio

Activity

Sing and Draw: Sing a song together. After singing, ask students to illustrate the song by drawing

  1. what they see in their mind’s eye,
  2. what the song is about,
  3. an image to go along with the main concept or new vocabulary.

Lyrics

Bèl dlo nan peyi m

Se yon bèl aprè midi
Solèy la ap souri
Èske w vle vin peche pwason
Avan tan an vin makawon ?
Ki wout pou nou ta fè
Wout lak, rivyè, oswa lanmè ?
Yon lak se yon dlo ki bèl, bèl, bèl
Li fon epi li antoure ak tè, tè, tè
Kòm lak se yon dlo dous
La nou ta ka peche tilapya.

Se yon bèl aprè midi
Solèy la ap souri
Èske w vle vin peche pwason
Avan tan an vin makawon ?
Ki wout pou nou ta fè
Wout lak, rivyè, oswa lanmè ?
Oseyan se yon lanmè ki ka ble, ble, ble
Li kouvri twa ka latè, men li toujou sale, le, le
Kòm oseyan se yon gwo dlo
La nou ta ka pran sad, lanbi oubyen reken.

Se yon bèl aprè midi
Solèy la ap souri
Èske w vle vin peche pwason
Avan tan an vin makawon ?
Ki wout pou nou ta fè
Wout lak, rivyè, oswa lanmè ?
Yon rivyè se yon kouran dlo ki desann, sann sann
Li pote dlo nan lak oswa nan lanmè, mè, mè
Kòm rivyè se yon dlo dous tou
La nou ka pran kribich, teta, oswa piskèt.

Scroll to Top