Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Ki jou jodi a ye

Audio

Activity

Teach kids the words of the song so they can sing along.

Lyrics

Ki jou jodi a ye

Èske ou konnen ki jou jodi a ye ?
Èske w konnen nan ki mwa nou ye ?
Èske w konnen nan ki sezon nou ye ?
Si w vle konnen fè yon ti pwoche
Nou genyen 7 jou nan yon semèn
Lendi ki rele tèt li premye
Epi madi mèkredi jedi ak vandredi
Pral fete ak samdi ak dimanch
Èske ou konnen ki jou jodi a ye ?
Èske w konnen nan ki mwa nou ye ?
Èske w konnen nan ki sezon nou ye ?
Si w vle konnen fè yon ti pwoche

Genyen 12 mwa nan yon ane
Janvye se li ki kòmanse
Gen fevriye mas avril
Me jen jiyè out septanm
Oktòb novanm avèk desanm
Èske ou konnen ki jou jodi a ye ?
Èske w konnen nan ki mwa nou ye ?
Èske w konnen nan ki sezon nou ye ?
Si w vle konnen fè yon ti pwoche
Nan yon ane genyen 4 sezon
An desanm sezon fredi ki fè n kouvri
Nan mas se sezon prentan
E an jen sezon chalè
Epi sezon lapli nan mwa septanm

Èske ou konnen ki jou jodi a ye ?
Èske w konnen nan ki mwa nou ye ?
Èske w konnen nan ki sezon nou ye ?
Si w vle konnen fè yon ti pwoche
Kounye a ou ka di m ki jou jodi a ye
Kounye a ou ka di m nan ki mwa nou ye
Kounye a ou ka di m nan ki sezon nou ye
Kounye a ou ka di m banm pwoche pou m tande w

Scroll to Top