Ki pwosesis ou suiv

Video

Activity

Teach kids the words of the song so they can sing along.

Audio

Lyrics

Ki pwosesis ou suiv

Vini vini nou pral konstwi
Fabrike jwèt pou n pran plezi
Avan nou kòmanse
Nou gen yon pwosesis pou nou suiv
Te mèt yon kay yon eskalye
Yon pon oubyen yon machin pou woule
Tout sa ou vle konstwi
Fòk ou swiv yon pwosesis
Tande,
Kòmanse pa imajine
Kisa ou vle reyalize
Ansuit planifye tout sa w bezwen
Pou ou sa kòmanse
Chache tout èd ak materyèl
Ou konnen w ap itilize
Kounye a ou pare
Pou kòmanse konstwi
E lè w fini
Jwi nèt ale sa w fin akonpli
E pa bliye pwosesis ou te suiv
Ou te :
Imajine
Anhan !
Planifye
Anhan !
Chache materyèl
Anhan !
Fè l
Epi jwi de li (x2)

Scroll to Top