Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Men yon zouti

Video

Activity

Identify new words in the song and help kids learn them.

Audio

Lyrics

Men yon zouti

Chak sa w vle akonpli
Gen yon zouti ki fèt pou li
Atansyon pou pa mal chwazi
Kon sa w ka pran nan kouri
Ou ka sa w vle ye nan lavi
Sifi w kwè nan sa w santi
Tande byen sa m pral di w
M pral ba w kèk non bon zouti
Selon travay ou chwazi kapab itil

Refren

Pou agrikiltè travay latè
Li bezwen yon sèpèt
Pou yon fotograf fè bèl foto
Li bezwen yon kamera
Pou yon atis pent fè bèl tablo
Li bezwen penso
Pou yon achitèk fe bèl desen
Li bezwen kreyon

Yon plonbye k ap ranje tiyo
Li bezwen yon pens
Pou yon patisye fè bon gato
Li bezwen yon bon fou
Pou ekriven kreye bèl istwa
Li bezwen òdinatè
Ou menm ki vle mizisyen
Ou bezwen yon enstriman

Scroll to Top