Nou pataje yon menm planèt

Video

Activity

Come up with gestures and movements to go along with the song lyrics.

Audio

Lyrics

Nou pataje yon menm planèt

Nou pataje yon menm planèt
Fò nou pwoteje li
Nou tout ap viv sou menm planèt
Fò nou byen pran swen li (2x)

Nou byen pran swen tout dlo yo
Tè a ak lanmè a
Nou pwoteje lè nou respire a
Ak tout zwazo nan syèl la

Nou pataje yon menm planèt
Fò nou pwoteje li
Nou tout ap viv sou menm planèt
Fò nou byen pran swen li (2x)

Nou byen pran swen pyebwa yo
Wòch yo avèk mòn yo
Nou pwoteje menm ti ensèk yo
Ak lòt bèt ki piti yo

Nou pataje yon menm planèt
Fò nou pwoteje li
Nou tout ap viv sou menm planèt
Fò nou byen pran swen li (2x)

Nou byen pran swen tout plant yo
Rivyè yo avèk plaj yo
Nou pa bliye pran swen tout bèt yo
Avek tout moun yo tou !

Nou pataje yon menm planèt
Fò nou pwoteje li
Nou tout ap viv sou menm planèt
Fò nou byen pran swen li (2x)

Scroll to Top