Redui, resèvi, resikle

Video

Activity

Sing and Draw: Sing a song together. After singing, ask students to illustrate the song by drawing

  1. what they see in their mind’s eye,
  2. what the song is about,
  3. an image to go along with the main concept or new vocabulary.

Audio

Lyrics

Redui, resèvi, resikle

Èske nou konnen 3 R yo ?
Nou gen
Redui
Resèvi
Resikle (x2)

Redui
Resèvi
Epi Resikle
3 metòd ki ka aprann
Nou jere fatra n ap kreye
Redui
Resèvi
Epi Resikle

Men nan 3 metòd sa yo kiyès ki pi bon
Redui
M pa tande
Redui
Ban m di w
Si chak fwa ou pral nan mache
Ou pote sachè pa w
E si pou bwè yon bwason
Ou itilize boutèy an vè
Kon sa ou redui nan kantite fatra w ap pwodui

Si w fin bwè nan yon boutèy plastik
Olye w jete l ou mete dlo w ladann
Oubyen fè l sèvi yon po
Pou w kapab met flè
Lè konsa
Ou resèvi

E si tout fwa ou gen yon pwodui ou pa
ka resèvi
Ou ka travay li, transfòme l nan yon
pwodui ou ka itilize
Lè kon sa
Ou resikle l

Twa metòd ki ka aprann nou
Jere fatra n ap kreye
Redui
Resèvi
Epi Resikle
Men nan 3 metòd sa yo
Kiyès ki pi bon ?
Redui
M pa tande
Redui
Èske nou konnen 3 R yo ?
Nou gen
Redui
Resèvi
Resikle (x2)

Scroll to Top