Bank Resous Edikatif : Kolektif Resous Gratis pou Anseyan se yon espas dijital ki rasanble liv, fich aktivite, gid pedagojik ak lòt materyèl edikatif pou sipòte pwofesè ak edikatè nan klas yo oswa nan lòt aktivite pedagojik.
Objektif kolektif sa a se fasilite aksè ak resous ki ede amelyore ansèyman, soutni aprantisaj elèv yo epi ankouraje devlopman pwofesyonèl anseyan yo. Itilizatè yo ka eksplore divès seksyon selon matyè oswa bezwen pedagojik yo pou jwenn materyèl ki pi itil pou yo.
Nan chanèl la, w ap jwenn plizyè kategori resous ki fèt pou ede anseyan yo prepare kou yo pi byen, ede nan devlopman pwofesyonèl yo epi rann aprantisaj la pi enteresan pou elèv yo :
Literasi Kreyòl
Materyèl pou sipòte devlopman lekti, ekriti, konpreyansyon tèks ak pwodiksyon oral an kreyòl.
Matematik
Resous ak materyèl pedagojik pou ede planifye leson yo epi sipòte aprantisaj matematik.
Syans Sosyal
Resous sou jewografi, viv ansanm, istwa ak lòt sijè ki ede elèv yo konprann anviwònman sosyal yo epi devlope sans sitwayènte lakay yo.
Syans Eksperimantal
Materyèl sou syans natirèl ak biyoloji pou fasilite entwodiksyon konsèp syantifik yo nan klas oswa lòt aktivite pedagojik.
Atizay ak Mizik
Resous ki valorize ekspresyon kreyatif, mizik ak kilti, pandan yo ankouraje imajinasyon elèv yo.
Miltidisiplinè
Resous ki konekte plizyè matyè pou ede kreye aktivite kote elèv yo itilize plizyè konpetans ansanm.
Pwofesè
Gid pedagojik ak lòt zouti ki sipòte devlopman pwofesyonèl pwofesè yo ak amelyorasyon pratik ansèyman yo.
Kijan pou w itilize bank resous la
Pou w gen aksè a Bank Resous la, w ap bezwen enstale aplikasyon Kolibri, ki se platfòm dijital nou itilize pou mete tout resous yo disponib. Se sou Kolibri w ap jwenn epi eksplore materyèl ki nan Bank Resous Edikatif la. Ou kapab enstale Kolibri sou telefòn, tablèt oswa laptop ou pou itilize li fasil sou aparèy ou.
Gid sou enstalasyon Kolibri ak Bank Resous Edikatif la
Gid sou ki jan pou w navige sou Bank Resous Edikatif la
Si w ta gen nenpòt kesyon oswa si w ta bezwen èd
Tanpri kontakte nou sou
+509 44 84 8198
Pataje resous edikatif ou yo
Si w se yon moun, yon òganizasyon, yon enstitisyon oswa yon patnè ki ta renmen pwopoze resous edikatif pou ajoute nan Bank Resous Edikatif la, nou ta renmen tande w.

