Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Dènye Revizyon 27 Fevriye 2023

Politik Konfidansyalite sa a pou sit entènèt Lakou Kajou a (“Lakou Kajou”, “nou menm” oswa “nou”), ki se yon pwojè Blue Butterfly, yon òganizasyon fiskal Third Sector New England, Inc., k ap fè biznis sou non TSNE, ap esponnsorize, dekri fason nou kolekte, itilize epi pibliye enfòmasyon konsènan moun ki itilize sit entènèt ak aplikasyon mobil Lakou Kajou yo (lè nou mete yo tout ansanm nou rele “Sit yo”), san wete sèvis, zouti ak fonksyon ki sou Sit yo (lè nou mete yo tout ansanm nou rele “Sèvis yo”).

Depi ou antre sou SÈVIS YO oswa ou itilize yo, ou tou konfime ou te li, ou konprann epi ou dakò ak kondisyon ki nan Politik Konfidansyalite sa a. Si ou pa dakò ak kondisyon ki nan Politik Konfidansyalite sa a, pa chèche gen antre nan SÈVIS YO ni itilize yo.

ENFÒMASYON NOU KOLEKTE

Enfòmasyon Nou Kolekte Dirèkteman Nan Men Ou
Nou kolekte kèk enfòmasyon dirèkteman nan men ou, tankou:

  • Detay debaz pou kontakte ou, tankou non ak imèl. Nou kolekte detay debaz sou kontak ou pou kominike avèk ou, tankou fè w konnen nouvèl ak mizajou nou yo pa mwayen lis difizyon nou yo.
  • Detay pou enskripsyon ou bay lè ou kreye yon kont an, tankou non ou, adrès imèl ou, nimewo telefòn ou, dat nesans ou, non itilizatè ou ak modpas ou.
  • Nenpòt lòt enfòmasyon ou chwazi antre lè ou ap kominike avèk nou.

Kèk fonksyon nan Sèvis yo kapab mande pou nou antre yon seri enfòmasyon sou ou. Ou kapab chwazi pa bay enfòmasyon sa yo, men, si w pa bay yo, sa kapab anpeche w itilize oswa jwenn aksè nan fonksyon sa yo.

Enfòmasyon Nou Kolekte Otomatikman

Nou kolekte kèk enfòmasyon sou ou otomatikman tou. Nou itilize yon seri fichye (koukiz) ansanm ak teknoloji suivi menm jan an pou nou suiv aktivite sou Sèvis yo epi pou konsève kèk enfòmasyon. Koukiz yo se yon seri fichye ki gen yon ti kantite done ki kapab gen yon idantifyan inik ki anomim. Nou voye koukiz yo sou navigatè ou a apati yon sit entènèt epi yo vin estoke sou aparèy ou a. Epitou, nou itilize teknoloji suivi yo sou fòm baliz, tag ak eskrip pou nou kolekte epi suiv enfòmasyon yo epi pou amelyore ak analize Sèvis yo.

Nou menm ak lòt moun ki travay avèk nou itilize koukiz ak teknoloji suivi menm jan an pou kolekte enfòmasyon sou fason ou itilize Sèvis yo, tankou adrès IP, kalite navigatè, vèsyon navigatè, paj ou gade, kantite tan ou pase sou paj yo, lyen ou klike yo ak enfòmasyon sou konvèsyon yo. Nou menm ak lòt moun kapab itilize enfòmasyon sa yo pou, pami lòt bagay, analize epi suiv done yo, detèmine popilarite yon seri kontni, pwopoze kèk piblisite ak kontni ki sible sou sa ki enterese ou nan Sèvis la epi sou lòt sit entènèt, bay yon èd kliyantèl, rezoud pwoblèm, amelyore fonksyònman Sit ak Sèvis nou yo, epi pi byen konprann aktivite ou fè anliy yo.

Pa egzanp, nou itilize Google Analytics, ki se yon zouti analiz sou entènèt ki ede nou konprann fason itilizatè yo itilize Sèvis nou yo. Menm jan ak anpil sèvis, Google Analytics itilize koukiz pou suiv entèraksyon itilizatè yo, tankou nan ka pa nou, nou itilize yo pou kolekte enfòmasyon sou fason itilizatè yo itilize Sèvis nou yo. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou sanble done pou kreye rapò epi pou ede nou amelyore Sit nou yo. Rapò yo montre tandans ki genyen sou sit entènèt la san yo pa idantifye vizitè yo pèsonèlman. Ou kapab dezaktive Google Analytics san sa pa afekte fason ou ale sou Sèvis nou an.  Pou jwenn plis enfòmasyon plis enfòmasyon sou fason Google kolekte epi trete done yo, klike la a. Pou dezaktive suivi Google Analytics la, klike la a.

Si ou pa vle nou mete yon koukiz sou disk di oswa sou aparèy mobil ou a, ou kapab dezaktive fonksyon sa a sou òdinatè oswa aparèy mobil ou a. Tanpri, egzamine dokiman navigatè Entènèt ou a pou jwenn enfòmasyon sou fason pou fè sa. Sepandan, si ou deside pa aksepte koukiz nan men nou, Sit yo ak/oswa Sèvis yo kapab pa fonksyone byen.

  • Pa suiv

Paramèt navigatè ou kapab pèmèt ou transmèt yon siyal “Do Not Track” (Pa Suiv) tou, lè ou ale sou diferan sit entènèt. Menm jan ak anpil sit entènèt, Sit nou yo pa fèt pou reponn siyal “Do Not Track” yo resevwa apati navigatè yo. Pou jwenn plis enfòmasyon sou siyal “Do Not Track” yo, ou kapab ale sou http://www.allaboutdnt.com/.

FASON NOU ITILIZE ENFÒMASYON YO

Nou itilize enfòmasyon nou kolekte sou ou yo fason ki vin apre yo:

a) pou fè ou jwenn enfòmasyon sou Sèvis nou yo;

b) pou ajoute w nan baz done donatè nou yo;

c) pou bay epi soutni Sèvis yo, pwosesis pèman pou don, epi pou voye enfòmasyon ki konekte yo pou ou, san wete konfimasyon ak resi yo;

d) pou kominike avèk ou sou efò pou kolekte fon yo;

e) pou amelyore Sèvis yo;

f) pou analiz komèsyal entèn oswa lòt objektif komèsyal ki konpatib avèk misyon nou an;

g) pou respekte egzijans legal epi/oswa reglemantè yo epi pou kolabore avèk fòs delòd ak ajans ki la pou fè aplike lalwa yo;

h) pou pwoteje dwa nou yo, dwa ou yo ak dwa lòt moun yo, epi pou respekte pwòp prensip sou pratik estanda ki wo nou yo;

i) pou reyalize lòt objektif nou ap fè w konnen pa mwayen Sèvis yo.

PIBLIKASYON AK TRANSFÈ ENFÒMASYON YO

Nou kapab pibliye enfòmasyon pèsonèl ou yo bay lòt moun nan fason ki vin apre yo:

a) Lè ou ban nou otorizasyon pou pibliye yo.

b) Bay lòt moun ki ede nou nan aktivite nou yo, tankou estaf ak benevòl nou yo ki kapab gen aksè nan enfòmasyon pèsonèl ou yo pou kominike avèk ou konsènan pwogram ak evènman nou yo, efò pou kolekte fon yo oswa lòt bagay.

c) Pou fè respekte Kondisyon Itilizasyon oswa règ nou yo, pou asire sekirite itilizatè nou yo ak lòt moun, pou pwoteje dwa ak byen nou yo epi dwa ak byen itilizatè nou yo ak lòt moun, pou respekte pwosesis jiridik yo, tankou manda jidisyè, règ, òdonans oswa sitasyon pou parèt oswa nan lòt ka, si nou panse lalwa oswa règleman yo mande pou nou pibliye yo.

d) Epitou, nou kapab pibliye enfòmasyon pèsonèl ou yo bay lòt moun nan kad lavant, transfè oswa reyòganizasyon kèk oswa tout aktif li yo ki aplikab avèk Sèvis yo, epi nenpòt nan moun ki achte oswa ki fè transfè yo ap gen dwa pou itilize epi pibliye enfòmasyon sa yo sou baz dispozisyon ki gen nan Politik Konfidansyalite sa a.

SIT ENTÈNÈT AK LYEN LÒT MOUN

Sit nou yo kapab gen lyen ki voye ou sou lòt sit lòt moun ap jere. Lakou Kajou pa gen kontwòl lòt sit sa yo epi li pa responsab pou kontni yo, politik konfidansyalite yo oswa fason yo itilize enfòmasyon pèsonèl moun. Malgre Lakou Kajou mete lyen sa yo, sa pa vle di li kore kontni ki sou sit sa yo oswa pwopriyetè yo oswa moun ki ap eksplwate yo, eksepte sa ki pibliye pa nan Sèvis yo. Nenpòt enfòmasyon ou lage dirèkteman sou sit sa yo gen rapò ak politik konfidansyalite sit sa yo.

Nou di klè, nou pa responsab okenn zak sit oswa moun sa yo ta fè, tankou, zak ki gen rapò ak lòt moun ki itilize epi/oswa pibliye enfòmasyon pèsonèl, elatriye.

PÈMAN

Nou itilize sèvis lòt moun pou pwosesis pèman yo (pa egzanp, founisè sèvis pèman yo). Nou pa konsève oswa kolekte done ki gen rapò ak kat pèman ou. Se lòt founisè sèvis pèman ki ap resevwa enfòmasyon sa yo dirèkteman, epi yo itilize enfòmasyon pèsonèl yo selon pwòp politik konfidansyalite pa yo. Founisè sèvis pèman sa yo respekte Prensip Sekirite Done Endistri Kat Pèman yo (Payment Card Industry Data Security Standards, PCI-DSS) Konsèy Prensip Sekirite Endistri Kat Pèman yo ap jere, ki se efò mak tankou Visa, Mastercard, American Express ak Discover ap fè ansanm. Egzijans PCI-DSS yo ede nou bay garanti konsènan sekirite anrapò ak fason yo trete enfòmasyon pou pèman yo.

VI PRIVE TIMOUN YO

Nou p ap chèche oswa nou pa chwazi kolekte okenn enfòmasyon pèsonèl konsènan timoun ki poko gen 13 lane san nou pa jwenn konsantman paran oswa responsab legal timoun nan. Si ou vle otorize timoun ou an itilize Sèvis yo, ou dwe kreye yon kont pou timoun nan an ankò avèk Kondisyon Itilizasyon nou yo epi ou dwe bay konsantman ou pou nou kolekte enfòmasyon sa yo nan men timoun ou an. Si nou vin okouran nou te kolekte enfòmasyon pèsonèl sou yon timoun ki poko gen 13 lane san konsantman sa a, san nou pa konnen, nou ap fè yon seri efò ki rezonab nan domèn komèsyal pou efase enfòmasyon sa yo nan baz done nou yo.

Si ou se paran oswa responsab legal yon timoun ki minè ki te ban nou enfòmasyon pèsonèl li, ou kapab itilize enfòmasyon ki anba a pou kontakte nou pou mande nou efase yo.

SEKIRITE, ENTEGRITE AK KONSÈVASYON DONE

Tanpri note sa, enfòmasyon ou voye pou nou sou fòm elektwonik yo kapab pa sekirize lè ou ap voye yo pou nou. Nou rekòmande pou ou pa itilize mwayen ki pa sekirize pou bay enfòmasyon sansib oswa konfidansyèl. Tanpri, remake malgre efò nou fè pou nou mete kontwòl sekirite yo, pa gen okenn mezi sekirite ki pafè oswa ki pa kapab kraze. Nou ap konsève enfòmasyon pèsonèl ou yo pandan kantite tan ki nesesè pou nou akonpli objektif nou dekri nan Politik Konfidansyalite sa a sof si nou oblije mande yon peryòd konsèvasyon ki pi long, oswa pou etablisman an, egzèsis oswa defans reklamasyon jiridik, oswa pou objektif komèsyal lejitim, oswa jan lalwa prevwa sa.

DWA SOU PWOTEKSYON ENFÒMASYON NAN CALIFORNIA

Sou baz lwa nan California ki rele “Shine the Light Law” (Lwa Limen Limyè a), rezidan California yo gen dwa pou mande yon seri detay sou fason yo ap pataje “enfòmasyon pèsonèl” yo (jan yo defini sa nan Cal. Civil Code § 1798.83 a) bay lòt moun nan objektif pou fè maketing dirèk. Selon mezi nou pataje enfòmasyon pèsonèl yo nan fason sa a, itilizatè nan California yo kapab, nan kèk sikonstans, mande epi jwenn kèk enfòmasyon anrapò ak fason nou pibliye enfòmasyon pèsonèl yo bay yon seri moun nan objektif maketing dirèk. Pou fè demann sa a, tanpri, itilize enfòmasyon nou bay anba a pou kontakte nou. Tanpri, note nou gen obligasyon pou reponn yon demann sèlman ki gen rapò ak objektif maketing dirèk pou chak rezidan California chak ane. Gade seksyon Kontakte Nou ki anba a.

MODIFIKASYON POLITIK KONFIDANSYALITE SA A

Nou kapab modifye Politik Konfidansyalite sa a detanzantan nan ka kote nou ap mete dat “Dènye Revizyon” an ajou pa anlè Politik Konfidansyalite sa a. Se responsabilite pa w pou verifye Sit yo detanzantan pou konnen ki chanjman ki fèt nan Politik Konfidansyalite a. Lè nou fè chanjman nan Politik Konfidansyalite a yon fason materyèl, nou ap pibliye yon anons sou Sit nou yo pou fè w konn sa. Si ou kontinye itilize Sèvis yo apre kèlkeswa chanjman an, sa montre ou aksepte nouvo Politik Konfidansyalite a.

SI OU PA AKSEPTE EPI OU PA DAKÒ AK POLITIK KONFIDANSYALITE SA A, SAN WETE NENPÒT CHANJMAN, DONK, OU PA DWE ANTRE SOU SÈVIS YO NI ITILIZE YO.

POU KONTAKTE NOU

Ou dwe voye nenpòt kesyon oswa enkyetid ou genyen anrapò ak itilize oswa pibliye enfòmasyon sou ou dirèkteman bay Lakou Kajou nan enfo@dev2.lakoukajou.ht.

Ou kapab kontakte nou konsènan Sèvis yo oswa Politik Konfidansyalite sa a nan: enfo@dev2.lakoukajou.ht

Scroll to Top