Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Sa Lakou Kajou ye

Pou tout timoun ka aprann ak kè kontan
Play Video

Lakou Kajou se yon pwogram medya edikatif pou timoun Ayisyen ki enteresan ak amizan. Se la ou ka fè konesans ak Lili ak Tilou ansanm ak zanmi yo k ap jwe epi aprann epi konprann sa k ap pase nan anviwònman yo. Lakou Kajou ap limen yon flanm nan lespri timoun yo pou yo toujou enterese nan sijè lèkòl yo tankou lekti, matematik, syans. Gen lòt ladrès tou timoun yo ap devlope nan gade pwogram nan tankou rezoud pwoblèm, konstwi bon kalite relasyon ak lòt moun epi aprann kontwole konpòtman yo.

Yon rezilta rechèch Inivèsite Maryland te fè demontre jan timoun ki gade videyo Lakou Kajou fè pwogrè mezirab nan sa y ap aprann ak pwogran nan.

Nou vle pou tout timoun jwenn aksè ak pwogram edikatif ki amizan ak anrichisan ! Gen timoun nan tout teritwa peyi d Ayiti ki rive jwenn pwogram Lakou Kajou gras ak patenerya nou genyen ak emisyon lokal yo, òganizasyon kominotè yo, ak lekòl yo. Pran kontak avèk nou si ou ta vle plis enfòmasyon oswa ou ta vle plis enfòmasyon sou ki jan pwogran nou yo ka kolabore ak òganizasyon pa ou la !

Lakou Kajou se yon pwojè Fondasyon MWÈM, an kolaborasyon ak Blue Butterfly (USA). Pwogram nan resevwa sipò finansman nan men Fondasyon Kellogg (WKKF), FOKAL, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, AMURT-Haiti, Ayiti Community Trust, ansanm ak kèk endividi ki bay don.

Prix Jeunesse International

Lakou Kajou se premye pwogran ann Ayiti ki te rive nan nivo seleksyon finalis pou” Prix Jeunesse International” ki se yon konkou ki rekonèt ak prime meyè pwogram televizyon pou timoun pami tout peyi sou latè.

Patnè nou yo

Scroll to Top