Bon abitid fè mwen djanm
Videyo

Aktivite
Kreye jès pou akonpanye/ mache ak pawòl yo.
Odyo
Pawòl
Bon abitid fè mwen djanm
Lè m reveye nan maten
Ki sa mwen fè ?
Mwen bwose, bwose, bwose dan mwen
Ki sa mwen fè ?
Mwen bwose, bwose, bwose dan mwen
M gen bon abitid pou m rete an sante
Ou gen bon abitid pou w rete an sante
Bon abitid yo fè mwen djanm
Bon abitid yo fè ou djanm
Avan mwen manje
Ki sa mwen fè ?
Mwen lave, lave, lave men mwen
Ki sa mwen fè ?
Mwen lave, lave, lave men mwen
M gen bon abitid pou m rete an sante
Ou gen bon abitid pou w rete an sante
Bon abitid yo fè mwen djanm
Bon abitid yo fè ou djanm
Lannwit mwen bezwen repoze
Ki sa mwen fè ?
Mwen dòmi, dòmi, dòmi
Ki sa mwen fè ?
Mwen dòmi, dòmi, dòmi
M gen bon abitid pou m rete an sante
Ou gen bon abitid pou w rete an sante
Bon abitid yo fè mwen djanm
Bon abitid yo fè ou djanm