Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Danse, sote, ponpe

Odyo

Aktivite

Kreye jès pou akonpanye/ mache ak pawòl yo.

Pawòl

Danse, sote, ponpe

Lè mwen leve lè maten
M bwose dan m mwen benyen
Mwen kòmanse ap panse
Ak ki sa mwen pral fè
M ape mande ki sa m ka fè
M san pozisyon m anlè m atè
Yon ti vwa nan tèt mwen vin di bouje se sa k konte

Ou ka danse danse
Ki sa pou mwen fè ?
Ou ka bese bese
Ki sa pou mwen fè ?
Ou ka sote sote
Ki sa pou mwen fè ?
Ou ka kouriiiiii – yèhhhhh
Lè mwen leve lè maten
M bwose dan m mwen benyen
Mwen kòmanse chèche
Ki jan pou mwen ka bouje
M ape danse m ap sote
Monte bekàn lago kache
Depi m ape bouje yèhhhhh yèhhhhh
Se sa ki konte

Ou ka danse danse
Ki jan w ka bouje
Ou ka bese bese
Ki jan w ka bouje
Ou ka sote sote
Ki jan w ka bouje
Ou ka kouriiiiii – yèhhhhh
Depi w vle santi w byen
Fè egzèsis pou w bouje

Depi w vle souri
Met mizik epi danse
Li pa bezwen konplike
Bouje se sa k konte
Danse ! Sote ! Ponpe ! Kouri !
Bouje ! Bouje ! Bouje !

Scroll to Top