Eske ou konnen Ayiti?
Videyo

Abone ak chèn YouTube Lakou Kajou a
Aktivite
Chante ak desinen: Chante chante a ansanm. Apre sa mande timoun yo fè yon desen pou ilistre pawòl yo:
- Desinen sa yo wè nan tèt yo
- Sou ki sa chante a pale
- Yon imaj ki pou ilistre nouvo lide ak vokabilè yo aprann ak chante a.
Odyo
Pawòl
Eske ou konnen Ayiti?
Vini nou prale dekouvri Ayiti
Se yon ti zile k ap benyen nan lanmè dè zantiy
Li gen 10 depatman ak anpil bèl moniman
Èske n pare pou nou al eksplore li avè m
Ou jwenn depatman Nò, Nòdès, Nòdwès
Latibonit ak Sant, Lwès ak Sidès
Apre sa ou jwenn Nip pou lage kò w nan Sid
Epi pou nou fini nou jwenn Grandans
Kote w sòti ?
Kap Ayisyen
M di : Kote w sòti ?
Pòdepè
Kote w sòti ?
Fò Libète
Mwen men m mwen sòti Gonayiv
Mwen di : Kote w sòti ?
M sòti Ench
M mande : Kote w sòti ?
Pòtoprens
Kote w sòti ?
Soti Jakmèl
Miragwàn,
Okay,
Jeremi