Fè plant pouse
Videyo

Abone ak chèn YouTube Lakou Kajou a
Aktivite
Ekri yon nouvo refren pou chante a sou menm melodi a.
Odyo
Pawòl
Fè plant pouse
Pou fè pouse yon plant
Gen de etap ki nesesè
Ou pa bezwen kiltivatè
Oubyen yon agrikiltè
Pwosesis lan li fasil
Nou tout ka fè l
Depi n suiv
An n chante ansanm avè m
M pral montre nou ki sa pou n fè
Nou bezwen yon grenn
Fouye yon twou, mete li nan tè
Epi ba li bon konpòs
Wouze l avèk dlo (2x)
Fòk nou ba li lanmou
Fòk nou wouze l toulèjou
Fòk nou ba li bon reyon solèy
Kon sa plant ou an va pouse bèl (2x)