Mamifè

Odyo

Aktivite

Ekri yon nouvo refren pou pou chante a sou menm melodi a.

Pawòl

Mamifè

Mwen di èske w vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?

Wi ! Nou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Yon mamifè
Se yon gwoup zannimo
Ki ap viv sou tè, oubyen nan dlo
Li trè fasil pou w rekonèt mamifè yo
Mwen pral esplike ou ki jan.

Kouman ?
Èske ou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?
Wi ! Nou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Mwen di :
(1) youn, yo gen pwal sou po yo
2. Yo bay bebe yo lèt
3. Yo gen kolòn vètebral
4. Yo gen poumon pou yo respire

Èske ou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?

Wi ! Nou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Yon kabrit, se yon mamifè
Yon cheval, se yon mamifè
Yon chen, se yon mamifè
E menm yon poul ?

Non non non !
Sa pa mamifè !

Yon bourik, se yon mamifè
Yon chòvsourit, se yon mamifè
Yon mouton, se yon mamifè
E ou menm, mwen menm, li menm
Nou se mamifè
M di èske nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?
Mwen di wi nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Èske kounye a nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?

Mwen di wi nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Odyo

Pawòl

Mamifè

Mwen di èske w vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?

Wi ! Nou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Yon mamifè
Se yon gwoup zannimo
Ki ap viv sou tè, oubyen nan dlo
Li trè fasil pou w rekonèt mamifè yo
Mwen pral esplike ou ki jan.

Kouman ?
Èske ou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?
Wi ! Nou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Mwen di :
(1) youn, yo gen pwal sou po yo
2. Yo bay bebe yo lèt
3. Yo gen kolòn vètebral
4. Yo gen poumon pou yo respire

Èske ou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?

Wi ! Nou vle konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Yon kabrit, se yon mamifè
Yon cheval, se yon mamifè
Yon chen, se yon mamifè
E menm yon poul ?

Non non non !
Sa pa mamifè !

Yon bourik, se yon mamifè
Yon chòvsourit, se yon mamifè
Yon mouton, se yon mamifè
E ou menm, mwen menm, li menm
Nou se mamifè
M di èske nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?
Mwen di wi nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Èske kounye a nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè ?

Mwen di wi nou konnen (x2)
Sa ki yon mamifè !

Scroll to Top