Manje lakansyèl

Odyo

Aktivite

Chante ak desinen: Chante chante a ansanm. Apre sa mande timoun yo fè yon desen pou ilistre pawòl yo:

  1. Desinen sa yo wè nan tèt yo
  2. Sou ki sa chante a pale
  3. Yon imaj ki pou ilistre nouvo lide ak vokabilè yo aprann ak chante a.

Pawòl

Manje lakansyèl

Manje manje tankou lakansyèl
Manje Tankou tankou lakansyèl
Li fasil pou w manje lakansyèl
Men ki jan w ka manje lakansyèl

Wouj wouj tankou tomat
Jòn jòn tankou anana
Vèt vèt tankou zepina
Wouj jòn vèt manje lakansyèl

Manje manje tankou lakansyèl
Manje tankou tankou lakansyèl
Li fasil pou w manje lakansyèl
Men ki jan w ka manje lakansyèl

Zabriko tankou mango
Mòv mòv tankou berejèn
Vèt vèt tankou zaboka
Zabriko Mòv Vèt manje lakansyèl
Manje manje tankou lakansyèl
Manje tankou tankou lakansyèl
Li fasil pou w manje lakansyèl

Men ki jan w ka manje lakansyèl
Wouj wouj tankou tomat
Wouj wouj tankou seriz
Fè m tande nou

Wouj wouj tankou … piman
Wouj wouj tankou … pwa wouj
Vèt vèt tankou zaboka

Vèt vèt tankou pwatann
Fè m tande nou
Vèt vèt tankou … kowosòl
Vèt vèt tankou … lyann panye

Scroll to Top