Mennen m ale

Videyo

Aktivite

Ekri yon nouvo refren pou pou chante a sou menm melodi a.

Odyo

Pawòl

Mennen m ale

Solèy gen tan leve
Fè twalèt mwen pare
Se jou an ki rive
Pou m al vwayaje
Men avan mwen ale
Fò m pase kot Richa
Kòm li rete tou pre
Mwen mache pou m ale kote l

Wi ti pye klap klap
Mennenm ale klap klap (x3)
Mèsi mèsi ti pye
Ou te transpòte mwen an byen

Lè m rive kay Richa
Li ouvri li salye m
Nou prale deplase
Avan solèy lan kouche
Gen lòt kote nou prale
Fò n pase kay Louzèt
Pou nou fè pi rapid
N oblije ale a bisiklèt
Bisiklèt kling kling
Mennen n ale kling kling (x3)
Ti pye ti bisiklèt
Ou te transpòte nou an byen

Nou rive kay Louzèt
Li trè kontan wè nou
Li di nou an n ale
Fò n rantre avan solèy kouche
N ap chante n ap danse
Nou pral lakay Loulou
N pran direksyon stasyon
Pou nou ka tou pran yon tap tap

Ti taptap vwoum vwoum
Mennen n ale vwoum vwoum (x3)
Ti pye ti bisiklèt ti taptap
Mèsi pou transpò a

Solèy lan ap souri
Kè n kontan n ap rejwi
Ti taptap ap kouri
N ap kontanple lanati
Fò n rive kot Toto
Li ret sou yon zile
E se kon sa n ape pase
Nou tou pran yon bato

Ti bato zoum zoum
Mennen n ale zoum zoum (x3)
Ti pye ti bisiklèt
Ti taptap ti bato
Mèsi anpil

Nou bwè dlo kokoye
Nou benyen nan lanmè
Dènye kote n prale
Se kay zanmi nou Alen
Men lè an ape mache
Fò n ale pou n tounen
Kon sa n wè yon ayewopò
Nou pran yon avyon pou n al kote l

Ti avyon vwoum vwoum
Mennen n ale voum voum (x3)
Ti pye, bisiklèt, taptap, bato, avyon mèsi
anpil

Scroll to Top