Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Mezire

Videyo

Aktivite

Aprann timoun yo pawòl yo pou yo ka chante ansanm ak odyo a.

Odyo

Pawòl

Mezire

Tout sa w ta renmen mezire
Gen yon mezi pou li ki egziste
Si w vle konnen ki sa li ye
Fè yon ti pwoche epi tande

Si se longè ou vle pran
Mezire l ak yon règ
Si se pwa ou vle pran
Mezire l ak yon balans
Kantite dlo vè sa a ka pran
Mezire l ak yon vè mezi

Tout sa w vle mezire
Gen yon enstriman pou li (2x)
Tout sa w ta renmen mezire
Gen yon mezi pou li ki egziste
Si w vle konnen ki sa li ye
Fè yon ti pwoche epi tande

Pou w mezire longè
Eseye mèt oubyen santimèt
Mwen di ou vle pran pwa
Eseye gram oubyen kilogram
Kapasite vè sa a
Eseye lit oubyen mililit
Tout sa ou vle mezire
Gen yon mezi pou li

Scroll to Top