Videyo
Abone ak chèn YouTube Lakou Kajou a
Aktivite
Kreye jès pou akonpanye/ mache ak pawòl yo.
Odyo
Pawòl
Naje, sote, vole
Menm jan nou gen janm
Ak pye pou nou mache
Tout bèt ki egziste
Gen fason yo deplase
Gen sa ki mache
Genyen ki naje
Sa ki vole
Kèk lòt ki sote !
Chen yo mache mache
Cheval yo galope
Zwazo yo menm vole
Pwason yo menm naje
Menm jan nou gen janm
Ak pye pou nou mache
Tout bèt ki egziste
Gen fason yo deplase
Gen sa ki mache
Genyen ki naje
Sa ki vole
Kèk lòt ki sote !
Koulèv ki ranpe ranpe
Lapen ki sote
Papiyon ki vole
Epi chat yo mache
Menm jan nou gen janm
Ak pye pou nou mache
Tout bèt ki egziste
Gen fason yo deplase
Gen sa ki mache
Genyen ki naje
Sa ki vole
Kèk lòt ki sote !