Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Nou bezwen enèji

Videyo

Aktivite

Kreye jès pou akonpanye/ mache ak pawòl yo.

Odyo

Pawòl

Nou bezwen enèji

Nou bezwen enèji elektrik
Pou n jwenn limyè pou n etidye
Mwen di nou bezwen enèji elektrik
Pou n ka gade fim nan tele
Nou bezwen enèji elektrik
Pou aparèy yo ka mache
Nou bezwen enèji elektrik
Elektrisite tou tan n ap itilize
Èske n konnen kote l soti ?
Nou vin fè yon ti pale
Sou kèk fòs lanati nou ka itillize
Ki ka ba nou elektrisite

Nou gen solèy la
Chalè ak limyè li kreye
Ka transfòme an elektrisite
Ki jan ?
Limyè solèy la rive sou pano solè a
Ki transfòme l an enèji elektrik
Epi n stoke l nan yon batri

Nou gen dlo rivyè yo
Ak vitès li ap koule
Ka transfòme an elektrisite
Ki jan ?

Dlo a sot anwo
Li pase nan yon tibin idwolik
Ki fè yon altènatè vire
Epi l ba nou elektrisite
Nou gen van
Gras ak fòs lè l ap soufle
Ka transfòme an elektrisite
Ki jan ?
Van soufle nan yon elis
Ki fè altènatè a vire
Epi ki ban nou elektrisite

Scroll to Top