Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Mwen se yon plant

Odyo

Aktivite

Idantifye mo ki nouvo nan chan yo epi ede timoun yo konprann yo.

Pawòl

Mwen se yon plant

Mwen se yon plant plant, plant
e pati m yo divès
Vini m montre w kèk nan pati yo
(Pou komanse) nou jwenn rasin. Rasin, rasin, rasin.
Ki sa ou di? Nou gen rasin.

Mwen se yon plant plant plant
E pati m yo divès
Vini m montre w kèk nan pati yo
(Kounye a) nou jwenn tij la, tij, tij.
Ki sa ou di? Nou gen rasin, avèk tij.

Mwen se yon plant plant plant
e pati m yo divès
Vini m montre w kèk nan pati yo
Genyen fèy yo. Fèy, fèy, fèy.
M pa tande? Nou gen rasin, avèk tij, avèk fèy.

Mwen se yon plant plant plant
e pati m yo divès.
Vini m montre w kèk nan pati yo.
Nou gen flè, flè, flè
Ki sa ou di?
Nou gen rasin, avèk tij, avèk fèy, avèk flè
O, mwen se yon plananananant!!!

PYEBWA

Mwen se yon pyebwa
Mwen gen divès pati
E Men kèk nan pati yo.
Ann kòmanse ak Rasin. Rasin, rasin, rasin.
Ki sa ou di? Nou gen rasin.

Mwen se yon pyebwa,
e mwen gen divès pati.
E men kèk nan pati yo.
Nou jwenn twon an. Twon, twon, twon.
Ki sa ou di?
Nou gen rasin, nou gen twon.

Mwen se yon pyebwa,
mwen gen divès pati.
E Men kèk nan pati yo.
Genyen branch yo. Branch, branch, branch.
Ki sa ou di?
Nou gen rasin, avèk twon, avèk branch.
Mwen se yon pyebwa,
mwen gen divès pati
e men kèk nan pati yo.
Epi nou gen fèy yo. Fèy, fèy, fèy.
Ki sa ou di? Nou gen rasin, avèk twon, avèk branch, avèk fèy.
O, mwen se yon pyebwaaaaaa!

 

 

Scroll to Top