Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Eksploratoryòm

Play Video

Temwayaj Jasmine Céleste,
Konseye pedagojik.

Play Video

Temwayaj Lucner Jeune,
Konseye pedagojik.

Pwogram aprantisaj a distans nan lang kreyòl

Eksploratoryòm Lakou Kajou a se yon pwogram odyo (anrejistreman oral) pou anseye syans nan premye ak dezyèm ane ki resevwa validasyon ministè edikasyon nasyonal la (MENFP) pou nivo sa yo. Lakou Kajou te devlope pwogram nan pou li ka sèvi swa nan lekòl swa a distans (sou radyo). Kourikoulòm pou chak ane prezante an 40 leson odyo ak yon kaye egzèsis.

Se Zando, zandolit tout moun renmen nan pwogram videyo Lakou Kajou a, ki anime tout leson yo. Leson odyo yo dire 10 minit epi yo prezante konesans esansyèl sou zannimo, plant, kò moun, dlo ak eleman natirèl, atravè istwa, dyalòg, chante, ak lòt aktivite pou kapte lespri timoun yo.

Ki sa Eksploratoryòm ye ?

Pwogram Eksploratoryòm Lakou Kajou a se yon pwogram syans konplè pou timoun ak yon fòmasyon inovan pou anseyan yo.

Leson syans sou fòma odyo

Ogmante enterè elèv yo

Leson literasi enkòpore

Aprantisaj literasi nan leson syans yo

Gid pou paran

Pou bay fanmi k ap sèvi ak pwogram nan a distans yon sipò

Plan leson

Bay anseyan yo yon chapant ak sipò pou chak leson

Fèy devwa pou elèv yo

Ranfòse aprantisaj ki fèt nan leson odyo yo

Non sèlman pwogran nan aliyen ak pwogram syans premye ak dezyèm ane MENFP a, men an plis, chak leson bay yon koneksyon ak pwogram lang Kreyòl la ki genyen ladan kominikasyon kreyòl, lekti, pwodiksyon ekri, vokabilè ak òtograf.

Eksploratoryòm se yon pwogram ki pouse timoun yo eksplore anviwònman yo. Leson yo devlope pou pèmèt timoun yo konprann kesyon esansyèl yo, konsèp syantifik yo, ak vokabilè syans nan yon atmosfè jwèt, chante, devinèt, ak istwa. Tout leson yo pèmèt elèv yo bati konesans yo nan yon atmosfè aktif, edikatif, vivan epi amizan. Chak leson kòmanse ak yon aktivite pou chofe timoun yo, epi sa ki suiv yo se eksplikasyon sou sijè a ki fèt pa segman sou fòm dyalòg, chante, jwèt, epi yo toujou fini ak yon rapèl ak yon konklizyon.

Klike isit la pou plis enfòmasyon sou Eksploratoryòm.

Kontakte nou pou itilize Eksploratoryòm nan lekòl ou a.

Egzanp leson Eksploratoryòm

Apèsi

Paj aktivite

Plan leson

Scroll to Top