Ti Lekòl Lakay

Ansèyman a distans pandan ijans
Ti Lekòl Lakay se yon pwogram a distans enteresan pou timoun ayisyen ki ranfòse objektif aprantisaj fòmèl ak enfòmèl. Seri pwogram odyo sa divize an 10 chapit. Chak chapit konsantre sou yon tèm diferan ki konekte ak kourikoulòm ministè edikasyon nasyonal, e ki anbrase lòt objektif ki gen rapò ak devlopman sosyo emosyonèl.
Ti Lekòl Lakay planifye ak yon fleksibilite ki pèmèt itilizasyon nan nivo preskolè jis 4yèm ane. Timoun yo ka koute li lakay yo, swa pou kont yo oswa ak lòt frè ak sè yo, an fanmi. Pwogram nan ka sèvi tou nan yon gran gwoup nan yon sant kominotè. Chak leson odyo dire ant 4 ak 10 minit epi gen kèk aktivite ki akonpaye anrejistreman an. Pou chak chapit gen 5 leson pou yon total 50 leson (10 chapit yo se : abèy, anviwònman, jewografi, plant, dlo, egzèsis, transpò, zouti, patrimwàn istorik, mezi). Tout kontni yo an kreyòl e yo gratis pou tout itilizatè yo.
Koneksyon ak kourikoulòm MENFP a

Syans

Syans sosyal

Matematik

Kominikasyon kreyòl
