Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

An n devine ki plant

Odyo

Aktivite

Chante ak desinen: Chante chante a ansanm. Apre sa mande timoun yo fè yon desen pou ilistre pawòl yo:

  1. Desinen sa yo wè nan tèt yo
  2. Sou ki sa chante a pale
  3. Yon imaj ki pou ilistre nouvo lide ak vokabilè yo aprann ak chante a.

Pawòl

An n devine ki plant

Ou ka devinen sa sa a ye ?
Ou ka devinen sa sa a ye ?
Se yon pye, yon pye kokoye
Ki donnen, donnen kokoye

Rasin, twon, fèy ak fwi
Se yon pye, yon pye kokoye

Ou ka devinen sa sa a ye ?
Ou ka devinen sa sa a ye ?
Fwi li koulè jòn, yo byen gou
Se yon pye, yon pye mango
Ki donnen, donnen mango

Rasin, twon, fèy ak fwi
Se yon pye, yon pye mango
Ou ka devinen sa sa a ye ?
Ou ka devinen sa sa a ye ?
Li bon lè w bouyi l pou w manje
Se yon pye, yon pye labapen
Ki donnen, donnen labapen

Rasin, twon, fèy ak fwi
Se yon pye, yon pye labapen

Rasin, twon, fèy ak fwi
Se yon pye, yon pye sitwon
Ki donnen, donnen sitwon

Rasin, twon, fèy ak fwi
Se yon pye, yon pye zoranj
Ki donnen donnen … ?
Zoranj ! ! !

Rasin, twon, fèy ak fwi
Se yon pye, yon pye kalbas
Ki donnen donnen … ?
Kalbas !

Rasin, twon, fèy ak fwi
Se yon pye, yon pye zaboka
Ki donnen donnen … ?
Zaboka !

Scroll to Top