Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Senk sans

Odyo

Aktivite

Chante ak desinen: Chante chante a ansanm. Apre sa mande timoun yo fè yon desen pou ilistre pawòl yo:

  1. Desinen sa yo wè nan tèt yo
  2. Sou ki sa chante a pale
  3. Yon imaj ki pou ilistre nouvo lide ak vokabilè yo aprann ak chante a.

Pawòl

Senk sans

Wè, tande,
Manyen, pran sant, goute
Se sa 5 sans yo ye
Youn de twa kat senk
Nou gen 5 sans, pou ede nou fonksyone

Lotrejou mwen t ap mache
M te wè yon bèl mango
Nan yon gwo pye mango
Yon van pase
Branch lan souke
Ki sa w tande ?
Mango tonbe
Biw bidiw bidiw bidiw biw biw

M fè yon ti pwoche
Mwen bese
Rammase youn
Mwen manyen li, wè si li mi
Li santi bon
Ou pran sant li ?
Wi wi wi
Mwen goute li
Ak lang mwen
E li te bon bon bon

Wè, tande,
Manyen, pran sant, goute
Se sa 5 sans yo ye
Youn de twa kat senk
Nou gen 5 sans, pou ede nou
Fonksyone
Mwen wè yon mango
Ak je mwen

Mwen tande l tonbe
Ak zòrèy mwen
Mwen manyen li
Ak men mwen
Mwen pran sant li
Ak nen mwen
Mwen goute li
Ak lang mwen
E li te gou gou gou gou gou.
Wè, tande,
Manyen, pran sant, goute
Se sa 5 sans yo ye
Youn de twa kat senk
Nou gen 5 sans pou ede nou fonksyone (x2)

Scroll to Top