Sik dlo
Videyo

Abone ak chèn YouTube Lakou Kajou a
Aktivite
Mande timoun yo ekri yon powèm akrostik pou ilistre pawòl chante a.
Odyo
Pawòl
Sik dlo
Se yon chante
Ki pale de dlo
Ki pale de dlo
Ak de ki jan
Li sikile toulèjou
Lè dlo sot nan syèl lan
Li koule al nan lanmè an
Oubyen l filtre nan tè an
Apre sa
Solèy lan chofe l
Li remonte nan syèl la
E sik la rekòmanse ankò (2x)