Soufle lanbi pou jistis ka renye
Videyo

Abone ak chèn YouTube Lakou Kajou a
Aktivite
Mande timoun yo ekri yon powèm akrostik pou ilistre pawòl chante a.
Odyo
Pawòl
Soufle lanbi pou jistis ka renye
Lòtrejou mwen soti
M t al mache sou bòdmè a
Bon ti briz t ap soufle
Solèy lan t ap souri
Timoun yo ap kouri
E se kon sa mwen jwenn on gwo po lanbi
Lè mwen kenbe l nan men m
Mwen pran tan m kontanple l
Sou po li te grave lèt J-I-S-T-I-S
M santi moman rive
Pou mwen soufle lanbi pou jistis ka renye
Soufle lanbi
Pou n kanpe fèm kont sa k pa sa yo
Soufle lanbi
Pou n pwoteje sa ki pi fèb yo
Soufle lanbi
Pou sa ki gran e sa k piti yo
Soufle lanbi
Pou sonnen rasanbleman
Soufle lanbi
Pou frè ak sè nou yo
Soufle lanbi
Pou nou ka renmen youn lòt
Soufle lanbi
Pou ou, pou li, pou mwen, pou nou tout
Soufle lanbi
Pou tout kote ka tande son li an