M se Madan Save, yon pwofesè nan Lakou Kajou. Pi gwo plezi m se pataje konesans mwen ak Lili, Tilou ak anpil lòt timoun ! M renmen lanati anpil epi m toujou ap eksplore pou dekouvri bèl bagay ki kache nan anviwònman nou. Aktivite m pi renmen se fè rechèch, obsève plant ak bèt, epi rakonte bèl istwa sou tout sa m aprann.