Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Teknik Lakou Kajou pou anseyan

Teknik Lakou Kajou pou anseyan pou aprantisaj sosyo emosyonèl

Entwodiksyon

Teknik Lakou Kajou pou anseyan pou aprantisaj sosyo emosyonèl se yon seri ti videyo kout. Chak videyo dire mwens ke de minit. Chak videyo gen yon mesaj motivasyon pou ede anseyan yo kreye yon klima pozitif nan klas yo epi favorize aprantisaj sosyo emosyonèl.

Aprantisaj sosyo emosyonèl se yon pwosesis pou devlope kapasite timoun yo pou jere emosyon yo, etabli bon kalite relasyon ak lòt moun, epi pran desizyon responsab pou lavi. Anpil rechèch demontre ke timoun ki ka idantifye ak jere pwòp emosyon pa yo ap kapab entègre pi efektivman nan sosyete a, epi ap pi byen pare pou bati lavni yo. Ansèyman konpetans sosyo emosyonèl sa yo gen menm enpòtans ak konpetans lekti, matematik, e latriye.

Aprantisaj sosyo emosyonèl pa yon lòt matyè ki endepandan de lòt yo . Li pa ni yon evènman, ni li pa yon aktivite paraskolè. Li se yon aspè nan aprantisaj ki antre nan tout matyè e ki pral ede chak grenn elèv aprann pi byen. Anseyan yo gen devwa pou yo devlope aprantisaj sosyo emosyonel lakay tout timoun nan klas la.

Rezime tèm yo

Lè timoun yo ap rive, salye chak elèv endividyèlman, ak yon gwo souri epi anpil enèji pozitif lè y ap antre nan klas la.

Ekri yon mesaj pou enspire timoun yo sou tablo a chak jou pou pouse aprantisaj sosyo emosyonèl yo.

Lè w bay elèv yo yon tach pou antretyen klas la, yo santi yo gen plis valè, yo devlope yon sans responsabilite, epi yo kontribye nan bon fonksyònman kòminote klas la (epi sa rann travay ou pi fasil tou !).

Itilize yon boul lapawòl pou elèv yo pase youn bay lòt pou ede timoun yo kontwole ki lè yo ka pale epi ki lè yo fèt pou yo tande yon lòt moun.

Sikile souvan nan tout sal la. Kominike ak elèv yo lè w sikile nan klas la : bay fidbak, fè yon ti jès ankourajman, epi ede timoun yo prete atansyon.

Lè timoun yo retounen sot nan rekreyasyon, souvan yo gen anpil enèji. Anseyan an ka itilize yon aktivite tranzisyon pou kalme elèv yo.

Lè elèv nou yo santi yo move, yo fache, fè yo sonje pou yo enspire ak ekspire dousman pou kalme lespri yo.

Lè timoun yo chita pandan lontan epi yo kòmanse ap jwe ak pedi atansyon yo, ou ka itilize yon aktivite mouvman transizyon pou bay yon ti enèji !

Bay elèv yo chans pran lidèchip lè y ap dirije aktivite jwèt, aktivite tranzisyon, oubyen yon pati nan rankont matine a.

Lè timoun yo santi santiman negatif tankou fache, tris, fristre, nou ka ede yo chanje emosyon yo ak panse pozitif.

Mantalite kwasans se yon mòd panse ki fè timoun nan kwè li kapab devlope kapasite li, konpetans li, entelijans li, lè li fè jefò, lè li antrene tèt li, lè li itilize bon estrateji epi lè li mande èd lòt moun lè li bezwen.

Kòman pou nou itilize videyo sa yo ?

Chak videyo mete anfaz sou yon tèm nan aprantisaj sosyo emosyonèl ki pèmèt anseyan yo entegre li nan ansèyman yo an jeneral. Videyo sa yo te kreye pou sèvi kòm yon resous siplemantè nan fòmasyon ki gen pou objektif ede anseyan yo entegre aprantisaj sosyo emosyonèl nan klas yo. Videyo sa yo ka itil pou montre yon nouvo estrateji oubyen ranfose yon teknik yo deja te aprann. An plis, si gen fòmasyon k ap fèt sou aprantisaj sosyo emosyonèl ak konstriksyon yon klima pozitif nan sal klas la, ou ka mete yo nan pwogram fòmasyon anseyan yo. Fomatè yo ka itilize videyo yo pandan fòmasyon an epi aprè fòmasyon an pou ranfose pwen kle yo sou chak tèm.

Teknik Lakou Kajou pou anseyan

Scroll to Top