Pran responsabilite nan klas

Tan li dire : 00:45

Ki sa teknik sa a ye ?

Lè ou bay chak elèv yon tach oubyen yon travay nan klas la, yo santi yo gen plis valè, yo devlope yon sans reponsabilite, epi yo kontribye nan kòminote klas la (pandan sa rann travay ou pi fasil tou !). Se pou ti fi ak ti gason gen tou pa yo pou fè tout tach nan sal la pou elèv yo pa panse gen travay fi ak travay gason.

Ki lè pou w fè timoun pran responsabilite nan klas la ?

Chanje wòl chak elèv chak semenn, bay lis travay chak moun gen pou fè a chak lendi.

Pou ki sa li enpòtan ?

Lè nou bay timoun yo travay pou yo fè, yo santi yo gen plis valè, yo devlope yon sans responsabilite, epi yo kontribye nan kòminote klas la.

Teknik Lakou Kajou pou Anseyan

Scroll to Top