Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Aktivite mouvman

Tan li dire : 00:47

Ki sa teknik sa a ye ?

Lè timoun yo chita pandan lontan epi yo kòmanse ap jwe ak pedi konsantrasyon yo, ou ka itilize yon aktivite tranzisyon pou ede yo reprann atansyon yo epi dirije konsantrasyon yo !

Ki lè pou nou fè aktivite mouvman ?

Lè w gen yon tranzisyon ant matye yo, lè elèv yo chita twòp, lè yo fatige, oswa nenpòt lè yo manke konsantrasyon.

Pou ki sa li enpòtan ?

Li difisil pou elèv jere enèji yo lè gen yon tranzisyon, oubyen yo chita twòp, yo fatige. Gen plizyè ti jwèt ki ka ede timoun yo jwenn plis enèji ak motivasyon nan lè sa a. Yon anseyan fèt pou li obsève enèji timoun yo epi deside ki lè yon jwèt ka kreye plis enèji apwopriye.

Egzanp jwèt yo:

  • Tanpèt lapli
  • Tanbou modèl
  • Naaa, naaa
  • Friz !
  • Mari Anj di
  • Miltip
  • Miwa
  • Tanpèt lapli
  • Tanbou modèl
  • Naaa, naaa
  • Friz !
  • Mari Anj di
  • Miltip
  • Miwa

Teknik Lakou Kajou pou Anseyan

Scroll to Top