Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Aktivite tranzisyon aprè rekreyasyon

Tan li dire : 00:44

Ki sa teknik sa a ye ?

Lè timoun yo retounen sot nan rekreyasyon, souvan yo gen anpil enèji epi w obljie itilize yon aktivite tranzisyon pou kalme elèv yo pou ede yo reprann angajman yo nan travay aprantisaj la.

Ki lè pou w fè aktivite tranzisyon ?

Aprè rekreyasyon.

Pou ki sa li enpòtan ?

Li enpòtan pou anseyan an mete woutin nan orè travay la paske elèv yo santi yo pi an sekirite. Lè timoun yo ka predi sa ki pral rive, yo santi yo an konfyans. Woutin yo redwi move konpòtman paske atant yo klè pou timoun yo. An menm tan, lè anseyan an fè yon seri jès ki repete chak jou pou eksprime ki sa li atann kòm konpòtman, estrès pa li redui paske li bay mwens konsiy, epi jesyon klas la ap pi efikas.

Aprè poz rekreyasyon an, ou ka ede elèv yo konprann ak jere emosyon yo epi kalme enèji yo si w ba yo yon ti tan pou desine oubyen ekri. Kite yo desine lib epi ekri lib san ou pa ba yo konsiy sou sa yo ta dwe desinen ak ekri. Sa ede kilitive kapasite timoun yo pou pran bon desizyon. Desine lib ak ekri lib ka ede yon anseyan paske li pa oblije bay konsiy aprè rekreyasyon (se yon woutin). Epi li ka pran tan an pou prepare pou leson k ap suiv la.

Teknik Lakou Kajou pou Anseyan

Scroll to Top