Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Bese nan nivo elèv yo

Tan li dire : 00:43

Ki sa teknik sa a ye ?

Sikile souvan epi nan tout sal la. Kominike ak elèv yo pandan w ap sikile : bay fidbak, fè yon ti jès ankourajman, epi ede timoun yo rete konsantre sou travay yo. Lè w ap sikile nan klas la epi w ap bay yon elèv fidbak, bese nan nivo elèv la pou w ka pi byen konekte avèk li epi fè li santi l li an sekirite.

Ki lè pou ou bese nan nivo elèv yo ?

Tout tan sa posib, espesyalman pandan travay endividyèl oubyen an ti gwoup.

Pou ki sa li enpòtan ?

Nou sikile nan yon sal klas pou 2 rezon prensipal : konpòtman (redui konpòtman negatif, ogmante bon konpòtman), epi kontwòl kalite travay elèv yo (asire w elèv yo te byen konprann tach la, bay elèv yo fidbak).
Lè anseyan an ap sikile li bezwen respekte kritè sa yo:

  • Sikile souvan, epi fè sa avèk yon objektif
  • Kominike ak elèv yo (pale avèk yo, koute yo)

Teknik Lakou Kajou pou Anseyan

Scroll to Top