Search
Close this search box.
Search
Close this search box.
Search
Close this search box.

Respire byen fon

Tan li dire : 00:55

Ki sa teknik sa a ye ?

Lè elèv nou yo santi de santiman fò, fè yo sonje pou yo enspire ak ekspire dousman pou kalme yo. Teknik respirasyon an ap bon pou nou tou, kòm anseyan, paske l ap ede nou jere emosyon pa nou !

Ki lè pou w fè respirasyon ?

Nenpòt lè w wè yon elèv gen santiman k ap dominen li tankou tristès, kolè, eksitasyon e latriye. Ou ka tou itilize respirasyon ak tout klas la lè yo manke konsantrasyon oubyen yo twò chofe.

Pou ki sa li enpòtan ?

Respirasyon pwofon ede tout moun kalme lè yo gen santiman fò k ap dominen yo. Si timoun yo ak anseyan yo konn jere estrès ak emosyon pa yo, yo ka aprann pi byen epi y ap gen yon pi bon relasyon youn ak lòt moun.

Teknik Lakou Kajou pou Anseyan

Scroll to Top